Pouchon Duvergé “Atis la byen kanpe”
Paske mwa me se mwa pou selebre kilti ayisyen ozetazini e 18 me se fèt drapo nou e Djakout #1 se djaz peyi a, poutèt tout rezon sa yo se an kreyòl selman nou te ka prezante atis sa a: Pouchon Duvergé.
foto: propriyete Auguste Duvergé
Lè Pouchon kanpe devan mikro a avek rès mesye Djakout #1 yo, piblik la mande anraje. Piblik la apresye bon konpa a, mizisyen yo e fawouch yo. E yo vreman apresye nèg yo rele “Dread la”. Auguste “Pouchon” Duvergé se chantè djaz la e li difisil pou ou jwenn yon moun ki pa dako ke li toujou byen abiye, tou fre lè li monte sou sèn la. Se pou sa nou rele l Alpha Male*. Shadine Ménard poze Pouchon kèk kesyon pou HIP Magazine e repons li yo montre poukisa anpil moun nan endistri mizik ayisyen an panse ke atis la se yon nèg nòmal. Fanatik Djakout #1 yo ap apresye atik sa a. Si ou poko yon fanatik ou gendwa tounen fanatik “Dread la” lè w fin pran plezi nan li repons li yo.
Shadine: Avan Djakout kijan mizik te manifeste l nan vi w?
Pouchon: Avan Djakout, m te legliz evanjelik. M tap jwe plizyè enstriman tankou gita ak batri.
S: Telman gen djaz ki kraze ak chantè ki kite nan endistri sa a, dapre ou kisa ki fè ou pa janm pedi plas ou kom chantè prensipal Djakout?
P: [Nan] Djakout, m vrèman pans eke nou tout se frè. Si g’on djaz neg yo pa tout zanmi, yo pa tout frè, djaz la ap tou kraze. Nou menm nan Djakout, nou tout se frè nou ye. Nou tout la depi lontan. Nou pa jis zanmi anko, se frè nou ye. Ti Pouch, Regi, Shabba, Roro, Mamane, mwen menm… "frères!"
foto: propriyete HIP MagazineS: Medam yo renmen "Dread La". Pou ki rezon ou panse ou gen efè sa a? Eske ou repete jès ou avan ou monte sou sèn la oubyen ou prefere jès spontane?
P: Enbyen ou wè m byen kanpe. Men repons la. Yo rele m dread la men m paka di se cheve paske se mwen ki fè efè a. Lè m sou podyom la se “autre chose”. C’est spontané. Gen de fwa map fè de bagay sou staj la m pa menm konnen. Se lè moun di m m konnen.
S: Apa Richie, non pa w toujou site lè yap pale de gason ki konn abiye epi ki gen stil nan endistri mizik ayisyen. Eske mòd se yon bagay ou suiv de pre, tankou nan defile, magazin oubyen pran enspirasyon kot lot moun? Kisa ki enspirasyon w e koman ou deside kisa wap met sou ou nan diferan okazyon?
P: M son moun menm lè map dòmi, m chwazi pijama m. Ou konprann? Fò m “matche”. M renmen abiye menm. Depi m piti m konsa. Lè w renmen abiye se yon sakrifis li ye paske fò w peye.
S: Ki twa bagay ou panse yon gason ki gen stil ta toujou sipoze genyen nan koleksyon rad li? Kisa ou ta sijere yo achte e poukisa?
P: M paka bay egzanp. M paka bay ti mesye yo poul, m paka di yo sa pou yo mete ni pri rad pou yo achte. Fò on moun kontan sa l’ap mete sou li a. M paka di ki mak men se pa tout kote w prale wap ka met jeans. Se selon kote w prale, selon kò w. Pa egzanp, mwen, si yo di m pou m abiye pou m sot ak Shadine, m’abiye jan m panse fò m ye pou m sot ak Shadine. (Atis la ri pawòl la.)
foto: propriyete HIP Magazine
S: Lè ou devan djaz la oubyen nan on videyo, koman ou deside kijan wap abiye?
P: M konn jan m vle abiye. Se mwen ki deside men pa pou photoshoot, bagay sa yo. Defwa m bay ide men sa depan de ki moun ki pral fè videyo a pou mwen. Lè konsa m sèvi ak stilis paske m paka al parèt lèd nan videyo.
S: Kisa ou panse ki twa kalite oubyen trè on fi posede ki fè ou anvi apwoche l?
P: Fò l janti, fò li entelijan, afektyez.
S: Ki trè fizik ki fè tèt ou vire lè w wè yon fi?
P: Jantiyès. Fò l janti. (Shadine: Avan ou menm pale ak on moun koman ou fè konnen l janti? M’ap pale de kalite fizik. Pa eseye chanje sijè a. Haha) O fizik! (Atis la ri)
Twa kalite fizik m renmen nan fi: yon “fille de grande taille”. Hmmm. Ou konnen gason renmen gwo dèyè. Sa a vre! Ou konnen gason ayisyen renmen gwo dèyè. M renmen moun ki gen cheve long paske m renmen pase men m nan cheve.
S: Ki bagay on fanatik fè pou ou oubyen djaz la kite touche w anpil?
P: M sonje te gen on kanaval kote Djakout patka soti poutèt kouran. Tout fanatik yo pote dèlko a. Jou sa a, m pap janm bliye l. M poko janm wè bagay sa a. Yo te telman bezwen pote delko a jistan dèlko a te tonbe sou yo, dwèt kase, telman yo te gen lanmou pou nou.
Pouchon gen plizyè wòl na lavi l: mari, papa, mizisyen, chantè e li se vizaj Djakout #1. Anplis li fè reklam pou kokenn konpayi telefòn Digicel. Li fè moun konnen deja ke li pa gen okenn entansyon pou l abandone frè Djakout li yo pou li konmanse pwojè solo. Men eske gen lòt wòl (tankou aktè) ke li ta renmen jwe nan vi l? Li poko di n men nap kontinye veye ki mouvman lap fè pou n ba w nouvèl.
foto: propriyete Auguste Duvergé
S: Eske nap travay sou li videyo "Mwen ba w defi" a toujou? Sou ki pwojè Djakou #1 ap travay?
P: Non malerezman li two ta [pou videyo a]. Kounyenya nou an Florid. Nap jwe isit la chak weekend jiska 4 jwen. Apre sa nap "Bahamas : Nassau, Freeport ak Abaco." Nou pral konmanse travay sou on cd « live » pandan m Florid la.
S: Mèsi pou tan an Auguste “Pouchon” Duvergé. Anvan n ale, poukisa yo rele w Pouchon?
P: Ou pa wè se on Pouchon m ye? (Li bay on gwo souri) Depi m piti yo rele m konsa. Sèlman lekòl lè m te piti yo te rele m Duvergé. Mais “tous les amis du quartier” toujou rele m Pouchon.
S: Eske ou gen okenn dènye mo ou ta renmen di pou lektè HIP yo ak fanatik ou yo?
P: Map remèsye Shadine, HIP Magazine. M mande tout fanatik yo sipòte HIP Magazine tankou yap sipòte Djakout #1. Mèsi anpil.
- S.M.


May 24, 2012
Reader Comments (11)
Nice Interview, good job HIP epi Ak Pouchon Duvergé map maché tout tan;)
Mwen antyeman dako avek sa misye di a -ke si w gen yon djaz kote ke neg yo pa alez tankou se bon zanmi, tankou se fre yo ye, djaz sa ap toujou nan kouri. Sepandan, si m te ka poze atis la yon kesyon, m t ap mande l: koman fe Djakout Mizik te vin divize an 2 (Djakout Mizik & Djakout #1), eske teyori sa a pat aplike nan djaz la?
Genle mesye yo nan Djakout Mizik pat t ap viv tankou se zanmi ak fre ki fe li te vin divize an 2 a. Kidonk, te gen pwoblem nan djaz, ki fe ke li te vin arive divize an 2 moso -ki vin ba nou Djakout #1 ak Djakout Mizik.
Atis la bay gol nan deklarasyon sa a wi. Sa l di a m kanpe deye l sanpousan. Gwo pawol! Bel pawol!
Afe fanm ki malelve tankou bourik la, ki lou tankou se sa m pa konnen an, ki pa konn koman pou l bay neg li afeksyon an... m pa ladan l. Sa a rele "vye jes." lol
lol lol Gen moun ki pap kontan ak sa atis la di a non. M jwenn atis la nan sa l di a wi. Sha, m pap ajoute anyen diplis sou sa l di a la. M kwe ou konprann mwen. Afe koupe djwed yo, pa gen sa pyes. Si atis la renmen fanm ak cheve long, non selman m renmen yo ak cheve long NATIREL, m renmen yo ak djwed anpiiiiil. lol lol lol
Bel repons, atis la. Li genle pa we byen ki fe l poze w kesyon sa a. lol
Phoedra, I understand you have the right to not like Pouchon's comment for whatever reason personal to you, but what do you mean "so typical?" Sorry if I ask, but I take your "so typical" comment somewhat personal. I hope you can shed some light on that for me. Thanks in advance.